Nan on tweet, anbasad Lèzetazini fè lendi 10 janvye 2021 an, li anonse l ap rekrite jèn nan kad pwogram jèn anbasadè pou Ayiti.
« Jèn anbasadè » se on pwogram echanj gouvènman Lèzetazini mete sou pye, ki gen pou objektif ede nan devlopman plizyè gwoup jèn nan kontinan ameriken an.
Anplis de sa, pwogram sa vize fè pwomosyon pou youn konprann lòt, respè epi kolaborasyon ant moun nan Lèzetazini e lot peyi nan emisfè oksidantal la.
Pwogram sila ap fèt nan mwa jiyè 2022. Jèn ki enterese yo gen jiska 05 fevriye pou yo enskri e fòk yo ranpli kondisyon sa yo.
Se pou w sitwayen Ayisyen e ap viv nan peyi ya, patikilyèmen nan vil Pòtoprens,
Fow gen ant 15 ak 18 lane, fok ou nan segondè 3 ( reto) au plis an jiyè 2022.
Fòk ou kapab gen sans lidèchip e patisipe nan aktivite kominotè, fòk ou pat vwayaje nan peyi etranje, fòk ou gen on otorizasyon paran w epi fok ou pran vaksen kont Corona pouw patisipe nan pwogram nan.