Nan on lèt Mèt Newton Louis Saint-Juste voye bay DG Polis Nasyonal la Frantz Elbé, li mande l pou l demisyone paske non li site nan dosye asasinay ansyen prezidan Jovenel Moise la, daprè revelasyon ki fèt nan denye atik jounal New York time soti sou dosye sila.
Mèt la nan lèt il voye bay DG PNH la, li konsèye l si li pa koupab de sa yo repwoche l la se pou l trennen jounal New York Times devan lajistis ansanm ak tout jounalis Anatoly Kurmanaev ki ekri atik la, si Frantz Elbe vle prezève imaj li epi rete nan tèt PNH la.
N ap raple nou non DG PNH la site, daprè enfomasyon Roodolph Jaar bay New York Times, pou l di li te mande Frantz Elbé zam pou yo ta l fè koudeta, e Mesye Elbé te di non li pa gen zam.