Nan depatman Nip nan peyi DAyiti, presizeman nan komin Ti rivyè ak Ansavo, genyen yon gwo malè ki pandye sou tèt peyizan yo, akoz yon maladi ki sanble atake pye kokoye ki plante nan zòn sa yo.
Maladi sa ta sanble pwovoke akoz prezans yon bann mouch blanch nan deptaman an. Nan yon mesaj sitwayen Charlot Murat te pibliye sou paj Facebook li, ta sanble pichon sa ap ravage pye kokoye yo depi plis pase 4 mwa.
« Lè li atake yon pye kokoye nan mwens pase 6 semèn li ravaje li jiskaske li touye l.
Ta Sanble se menm mouch blanch sa a ki te detwi tout hibiskis yo », sa se youn nan bagay Charlot Murat te di nan mesaj li a.
Selon li menm, nan komin ti rivyè nan depatman Nip, kokoye detwi a 85 pousan.
Nan yon ti pale ak Haïti Flash Info, Charlot Murat enfòme nou maladi a se yon Pichon ki atake fèy kokoye yo. « Se yon viris ki miltipliye trè rapid. Li kòmanse Jòni fèy yo jiskaske yo sèch. Li ap mache Kahouk.
Li koumanse parèt Bakonwa », se sa li di nou.
Bagay sa a selon Charlot ap gen anpil konsekans ou anviwonman ak sou ekonomi peyi a paske kokoye a se yon sous richès pou nou.
« Li se yon lwil vejetal .
Li se yon matyè premyè pou atizana.
Li se yon eleman pou bote.
Li gen enpotans li nan imaj touristik », se sa li deklare.
Sitwayen sa pwofite mande otorite ki konsène yo soutyen yo.
« Nou menm. Nou ta renmen yo fè yon analiz sou maladi a, pou yo kominike ak peyizan yo sou solisyon ki ta dwe aplike yo,
Pou yo trete jèn kokoye yo epitou derasinen sa ki twò gran yo, epi pou yo ranplase sa yo koupe yo pa lòt souch ki pi rezistan e ki gen pi gwo randman ».
Selon li menm depatman Nip reprezante anviwon 25% kokoye peyi a. « Sa a se yon ka ki mande trete ak rapidite ».