Chantèz 52-zan Jennifer Lopez ki se tou on bèl aktris pa janm sispann etone fanatik li ak vi amourèz li. 19 lane aprè li te anile maryaj li avèk aktè Ben Affleck, samdi 9 avril 2022 a Jlo anonse li tounen fyanse ak Ben ankò.
Nan yon videyo lajman pataje sou rezo sosyal yo, Jennifer Lopez parèt trè emosyonèl, anpil lajwa Jlo ak yon gwo bag fyansaj nan menl epi anonse nouvèl la bay tout moun.
N ap fèw konnen Jlo retounen fyanse ak Ben Affleck yon lane apre yo te tounen ofisyèlman.