Joslord Elmilus ki se ansyen manajè chantè Roody Roodboy la jwenn liberasyon l vandredi 06 mai 2022.
Mesye Elmilus jwenn libète l 8 jou aprè chantè a te fè arete l swa vendredi 29 mas pase a akoz akizasyon ki ta fè kwè sitwayen Joslord ta volè kob atis la.
Aprè on seyans nan Habeas Corpus ki se tèm teknik metye dwa a, Dwayen TPI Potoprens lan Mèt Bernard Saint-Vil ódone liberasyon Joslord Elmilus e aktyèlman ansyen manajè Roody avèk fanmil.
49 mil dola ameriken e plis pase 6 milyon se kantite lajan sa chantè Roody Roodboy di li ta pèdi sou kont li, kote se li menm ak Joslord ki te gen dwa siyati sou yo.