0 2 minutes 7 mois

Pòt-pawòl ministè zafè ewopeyen ak etranje an France lan, Anne-Claire Legendre, soutni pèp ayisyen an nan deklarasyon li a, li apiye rejim sanksyon kont politisyen ak biznismann yo epi prezante ogmantasyon èd imanitè fransè a an Haïti pou 2023. Se 8 me 2023 sa medya Haïti Libre pibliye enfòmasyon sila.

« Haïti se yon preyokipasyon priyoritè pou France, an Haïti n ap fè fas ak yo gwo kriz politik ak sekiritè, sa ki gen grav konsekans sou popilasyon an, sa ki, an menm tan, anpeche èd imanitè yo fè chimen yo gen pou yo fè, malgre kontèks ekonomik ak sosyal la ap degrade chak jou pi plis », daprè Anne-Claire Legendre.

Pòt-pawòl la pwofite pale pou rès kominote entènasyonal la, li raple jan kategori sila kanpe doubout pou sipote Haïti sou plan sekiritè, politik e menm imanitè. Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun ayisyen an di tout kapital ayisyen an sou kontwòl gwoup kriminèl ki gen zam, selon sa Anne-Claire rapòte. Li rale rezolisyon 2653 konsèy sekirite Nasyonzini an pou pote soutyen bay seri sanksyon kèk peyi tankou Canada ak États-Unis, e menm Répiblique Dominicaine, pran kont politisyen ak biznisman ayisyen ki akize nan sipòte gwoup kriminèl.

Anne-Claire di li konnen gen dyalòg politik ki tanmen, paske li jwenn rapò sou akò 21 desanm 2022, se pou sa li pwofite menm okazyon an pou mande pou yon konsèy elektoral pwovivwa mete sou pye epi pou eleksyon òganize rapidopresto. An menm tan, li pale de ogmantasyon èd imanitè fransè a pou Haïti a an 2023 : 9 milyon ewo. Nan lajan sa, gen 5,5 milyon ki ale pou koze manje, malgre koulwa imanitè yo vin pi ra pa rapò ak pwoblèm sekirite a.