
« Fè lapli » se dènye mizik Mikaben pote pou fanatik li yo. Tit sa se yon prèv ki montre Atis la pat ap dòmi pandan ti tan nou pat tande l la. 5 jou apre l fin soti ta sanble lapli kontinye tonbe sou fanatik yo paske nan 5 jou li gentan fè plis pase 142 K views sou chèn YouTube ofisyèl Mikaben nan san konte sou tout lòt platfòm an liy yo.
Se nan yon peyizaj ki sanble tètkoupe ak sezon Lete atis la vann nan videyo a. Li prezante yon pisin ki ta kapab atire nenpòt ki moun.
« Fè lapli, Jete dlo, voye dlo » se ansanm ekspresyon sa yo ki fòme nwayo tèks la. Chante a koumanse ak vwa yon jenn gason kap vante kapasite seksyèl li. Se ak yon chalè konsa atis la koumanse mizik li a: »Mwen sèmante kenpòt pyès ki nan kay la… M pral devore w cheri si tèlman ou fè m plede tann. »
Yon tifozi ta di « Tout moun jwenn nan lapli a ».
Se yon bon powèm ki kite ki chaje ak koulè Mikaben ofri nou nan mitan sezon chalè sa: »M pral fè w pwenti pou m ka wèw kap monte desann. »
Melanj pisin ak lapli kap tonbe a ki daprè tout imaj videyo pote plezi pou chak pèsonaj nan klip la, pa yon bagay ki sèlman natirèl.
« Fè lapli » selon jan atis la esplike li se ta yon metafò ki penmèt li menm reyalite ak yon pakèk moun pandan lap itilize lòt tèm. « Fè lapli » se yon mannyè pou chantè a di, « Fèl vini, fèl voye ». Nan yon fason pi laj li ta vle di tou « Bal plezi ».
Koulè, pyebwa, pisin, ak amoni kap renye nan melanj son ak imaj ki nan videyo, se yon siy ki montre tout kondisyon yo la pou fè la pli pou tout bon.
Si nou dwe kwè sa Atis la di ak redaksyon jounal « Juno 7 » la, se ta li menm ki te ekri mizik sa nan mwa mas 2020 an 2 lane apre l te fin soti album li an ki se …
Epoutan pou l reyalize li, apre Kenny ki chante sou li ak komedyen Atis Panch ki nan videyo a, gen plizyè lòt moun sou pwojè a tankou JP ki se gitaris gwoup Kaï epi Jeff ki se batè gwoup Harmonik.