Ariel Henry pibliye arete ki tabli Wo Konsèy Tranzisyon an nan jounal ofisyèl ayisyen an Le Moniteur, jodi 18 janvye 2023 a. San sipriz, Mirlande H. Manigat, Laurent St-Cyr ak Calixte Fleuridor se twa moun ki nan konsèy sila.
Arete a presize Wo konsèy tranzisyon an gen twa manm ki reprezante twa sektè prensipal nan lavi nasyonal la : sektè ekonomik, sosyal ak politik. Se depi 21 desanm 2022 Ariel Henry ak plizyè manm òganizasyon politik ak lòt, te deside siyen yon Konsansis Nasyonal pou yon Tranzisyon Enklizif ak pou Eleksyon Transparan. Se konsansis sa tou, ki akouche Wo konsèy Tranzisyon an.
Arete a presize Leta ayisyen ap bay wo konsèy tranzisyon an tout sa li ta bezwen pou ranpli misyon li, ki se, prensipalman, òganizasyon eleksyon transparan pandan lane 2023 a. Pandanstan, arete a note se sèl sou atribisyon ki nan Konsansis la Leta ap akonpaye konsèy la.
Manm wo konsèy tranzisyon an pa òdonatè ni kontab piblik, sa vle di yo p ap nesesite dechaj apre manda yo, pou yo ta al jere byen Leta.
Ariel Henry, ki se premye minis e ki ap jete pòtfèy ministè enteryè ak kolektivite Tèritoryal yo, Emmelie Prophète-Milcé k ap jere e pòtfèy ministè lakilti ak kominikasyon, e pòtfèy ministè lajistis ak sekirite piblik, Ricard Pierre (minis planifikasyon ak kowoperasyon ekstèn), Michel Patrick Boisvert (minis ekonomi ak finans), Rosemond Pradel (minis travay piblik, transpò ak kominikasyon) epi James Cadet (minis anviwònman) se prensipal manm gouvènman ki poze siyati yo anba arete sila.
N ap raple, depi apre dezyèm lendi mwa janvye 2023, pa gen okenn otorite eli an Haiti. Ariel Henry, ki sou pouvwa a kòm premye minis depi apre asasina prezidan Jovenel Moïse, vle òganize eleksyon jeneral nan peyi a. Ensekirite ak enstabilite politik se prensipal baryè ki anfas òganizasyon eleksyon an Haïti.