Ansyen depite sikonskripsyon Maskinongé a, Marc H. Plante, kite lavi politik 12 novanm 2022 a alòske yon jou anvan li te toujou chèf kabinè Filomena Rotiroti, ki se “Whip” nan pati Liberal la. Nèg politik 41 lane a fè konnen se pa rezilta eleksyon 3 oktòb yo kifè li kite politik, li te gentan gen entansyon sa depi avan eleksyon yo.
Marc H. Plante ap fè yon ti rete anplis nan kabinè a, pou li asire l ap gen yon bon tranzisyon k ap soti nan eleksyon ki pral fèt pou ranplase li yo.
“Se ak anpil emosyon mwen enfòme patwon m, pou m di l m ap kite fonksyon direktè kabinè li a. Pandan ane sa yo, mwen te jwenn chans travay ak kèk fanm ak gason ekspesyonèl […]”, se sa nou rive li sou kont facebook depite a wikenn nan.
Lè jounalis te mande Marc èske se paske Dominique Anglade kite tèt pati Liberal la ki fè li abandone politik tou, li di non, sa pa gen anyen pou wè ak desizyon li a. Poutan, ansyen depite a pa t deside fè okenn kòmantè anplis, li te sèlman mande jounalis yo pou yo ba li rès jounen an pou li presyon yo kapab kalme.
Bò kote pa li, ansyen depite Danielle St-Amand salye travay kòlèg li, Marc H. Plante, epi li pwofite di jan lavi politisyen pa fasil. Dayè li menm, Danielle, li te sibi yon Accident Vasculaire Cérébral (AVC) an 2014. Depite a sèlman swete kòlèg li kontinye pran swen tèt li, paske, “avan politik, se lavi”.