
Pati ekstrèm dwat konsèvatè chilyen an ranpòte majorite plas yo nan eleksyon ki te fèt 7 me 2023 a pou chwazi 50 moun ki pou fè pati konsèy konstitisyonèl la. Selon rezilta ofisyèl yo, se 35% nan plas yo pati ekstrèm dwat la ranpòte apre pwojè refòm nan te avòte an 2022.
Biwo vòt chilyen yo te resevwa plis pase 15,1 milyon moun, se elektora sa ki te chwazi 50 moun pami 350 ki te nan lis kandida yo. Wòl prensipal konsèy konstitisyonèl la se chita pwopoze konstitisyon an yon fason pou li ka pase nan vòt nan dat 17 desanm 2023.
Pati ekstrèm dwat la ranpòte 22 syèj sou 50 lan, pandan pati i sou pouvwa a genyen 11 syèj epi lòt pati dwat la, ki se dwat tradisyonèl la, genyen 17 syèj. Pati ekstrèm dwat la rele pati repibliken tou, e se yon pati ki gen yon diskou kont avòtman ak kont imigre. Claudia Heiss, : « [pati repibliken an] p ap gen pou li negosye ak pèsonn, paske l ap ka ekri konstitisyon li vle. Anplis, l ap ka opoze dwa veto li pou anpeche tout amandman », selon Claudia Heiss, nan fakilte syans politik nan inivèsite Chili a.
Ane pase, an septanm, pèp chilyen an pa t vote an favè refòm konstitisyon an, se pou sa li te tonbe a 61.9% vòt kont. Nan tantativ sa, chilyen yo vote 50 konpatriyòt ki gen pou devwa travay sou yon tèks konstitisyonèl pou voye li nan referandòm an desanm 2023. Konstitisyon aktyèl la gen tras diktatè chilyen Augusto Pinochet ladan li malgre amandman ak refòm li konnen, se pou sa se chanje konsèy konstitisyonèl la pral chanje li pou pèmèt plis refòm sosyal nan Chili, paske koze konstitisyon sa te fè gwo manifestasyon blayi nan Chili an 2019.