0 3 minutes 4 semaines

Dirijan Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) anonse pati sila pral pote yon nouvo non. Se nan mitan yon konferans pou laprès dirijan yo anonse nouvèl apre yo fin senpatize ak ayisyen ki viktim ensekirite nan payi a epi fè yon pale sou move enpas politik peyi a ap konnen an.

Dirijan SDP yo raple enpòtans jounalis yo nan kad yon retou sou jounen 3 me a ki te konsakre a kategori sila, epi youn pami yo, Fernando Duclair, rantre nan vif sijè a pou pale de chanjman non pati a : se yon sondaj ki te fèt, kote yon gwo majorite moun te dakò pou pati a chanje non, sou yon total 1955 patisipan, selon Duclair. Se yon kongrè pati a pral òganize pou li prezante nouvo non an, e selon responsab politik la, nan konferans 4 me a, se dènye fwa l ap site non SDP pou pale de pati politik li a.

« Se popilasyon an ki ap peye taks pou li jwenn sèvis sekirite, e se menm popilasyon sa k ap bay tèt li sekirite nan lari a » daprè Fernando Duclair. Li ak lòt manm ki t ap pote pawòl yo pa neglije voye pawòl piman bouk pou premye minis ayisyen an, Ariel Henry, yo akize li kòm yon dirijan politik « tèt mato ». Dirijan SDP yo deplore mank volonte dirijan politik ayisyen yo, epi akize yo kòm moun ki lakoz tout pwoblèm sa yo. Fèb kantite polisye ki sou fwontyè tèrès ak maritim nou yo, se youn nan agiman SDP prezante pou montre jan zam ak bal kapab rantre fasilman an Haïti pou koze latwoublay ak ensekirite.

SPD pako prezante nouvo non li a, men li bay randevou nan mwa jiyè pou li fè sa. Se nan mwa sa tout pati a ap prezante plan li genyen pou peyi a. Fernando Duclair, Didier Benel ak Telong Rémulus se twa (3) manm pati sa ki te pran pawòl nan konferans pou laprès sa, e ki prezante rekil sa pati a pran pa rapò ak ansyen non li a kòm yon pwen enpòtan pou ede pati a rekòmanse sou yon pi bon baz.