
Recep Tayyip Erdogan ta dwe tann yon dezyèm tou pou li konnen si l ap reyeli kòm prezidan ankò, paske eleksyon 14 me 2023 yo pa vini nan menm pánye pou li, advèsè sosyal-demokrat li a, Kemal Kiliçdaroglu fè yon pa devan.
Malgre medya pouvwa yo t ap klewonnen Erdogan devan nan kous la pandan jounen an, yo blije chanje pawòl epi afime Erdogan pa rive totalize 50% nan vòt yo, pandan li te bezwen sèlman 50% plis yon grenn vwa pou li te reyeli jan li te fè sa nan eleksyon 2018 yo anfas menm advèsè sa, ki se Kemal Kiliçdaroglu.
Si rezilta yo rete konsa, lwa elektoral la mande pou de (2) kandida ki fè plis pwen yo, men ki pa depase 50% nan vòt yo, pou yo ale nan afwontman dirèk pou yon dezyèm tou eleksyon. Nan kad egzèsis elektoral sa, se dat 28 me ki ap kenbe si mesye yo fè prèske menm fòs vwa apre tout kontwòl.
« Menm si rezilta yo pako pibliye, men li klè se mwen ki antèt. Nou respekte eleksyon sila, nou pa konnen si eleksyon an ap tou fini nan premye tou a, men si pèp la vle voye nou nan yon dezyèm tou, nou respekte sa » selon Prezidan Recep Tayyip Erdogan, ki t ap pale ak patizan li yo gran maten lendi 15 me 2023 a.