Videyo sila montre Donald Trump k ap joure E. Jean Carroll, ki se yon jounalis ki akize Donald Trump kòm moun ki te fè vyolans seksyèl sou li an 1990, nan yon gran magazen nan Manhattan. 13 janvye 2023 a, videyo yo pran lari malgre avoka Donald Trump yo te mande pou yo rete sou sele lajistis.
« Sa l di mwen fè a pa t janm rive vre. Anyen pa t rive vre. Mwen pa konn anyen de moun fou sa », se pawòl sa yo nou rive transkri apati videyo kote Trump ap joure fi a. Trump te gen bouch louvri ak avoka Carroll la tou, e li te pwomèt lè pwosè sa fini, l ap pouswiv ni E. Jean Carroll, ni avoka li ki se Roberta Kaplan, nan lajistis.
Jij Lewis A. Kaplan, ki sou dosye a, refize agreye demann avoka Donald Trump yo. Nan dat 13 janvye a, avoka Trump yo mande pou jij la rejete alegasyon vyòl ak difamasyon Carroll yo. Jij la refize epi, lajistis anonse yon pwosè sou menm dosye sa nan mwa avril 2023.
Premye akizasyon Carroll kont Trump rive an 2019, nan yon liv jounalis la ekri kote li dekri fè yo. Repons Trump te bay nan epòk 2019 la pa t kòrèk menm sou plan politik : Trump te demanti akizasyon an ak fraz sa « Li pa jan de fanm mwen renmen yo ». Jiska jodi a, Trump kontinye nye akizasyon yo.
Donald Trump te menm akize Carroll kòm yon malad mantal. « Li te di li renmen sa (…) mwen kwè li te di li twouve sa seksi, se pa sa ? Li pa t di li twouve sa seksi lè yo vyole li ? », nan fraz sa yo, Trump refere l a yon antrevi Carroll te bay CNN kote Carroll te di li prefere di « konba » olye li di « vyòl », paske gen lòt moun ki panse « vyòl se yon bagay seksi ».