Se madi 15 novanm 2022 a Donald Trump anonse ofisyèlman l ap kandida nan eleksyon prezidansyèl 2024 yo. Yon nouvèl ki pa fè entènot yo sezi, paske yo te konnen ansyen prezidan an gen entansyon sa. Sa ki pwovoke reyaksyon yo, se nouvo eslogan li a : Make America Great and Glorious Again (MAGAGA) [Fè Amerik la vin gran ak gloriye ankò].
MAGAGA se kontinite premye eslogan li depi eleksyon 2016 yo : « Make America Great Again (MAGA) ». Anpil entènot griyen dan sou milyadè a ak tout eslogan li a. Nou pote kèk reyaksyon isi a pou ou.
« Èske Trump pral sòti kepi MAGAGA », « Nan lang peyi Finlande, MAGAGA vle di grann ! », « Èske Trump vle di Lady Gaga se manman nou ? » se kèk pami premye reyaksyon entènot yo sou twitter.
N ap raple Trump pa gen posibilite pou li reyaji sou Twitter, akoz administrasyon ki te la avan Elon Musk achte konpayi a te bloke li pou itilizasyon move pwopo. Jodi a li gen rezo sosyal pa li, men sa pa anpeche moun nan antouraj li ak laprès aprann li move reyaksyon entènot yo pa rapò ak eslogan MAGAGA li a.
Gen yon entènot ki konpare eslogan MAGAGA a ak yon blag nan desen anime Simpsons. Se yon blag kote fanmi Simpsons te fin fè yon bèl gato pou MAGAGGIE, poutan, se pa t nan jou sa vre MAGAGGIE te fèt. Pa rapò ak resanblans mo MAGAGA ak MAGAGGIE, entènot yo jwenn yon mwayen anplis pou yo ri nouvo eslogan milyadè Donald Trump ki pare li pou li al reprezante pati repibliken an nan eleksyon prezidansyèl 2024 yo nan peyi États-Unis.
Gen anpil lòt ki konpare eslogan an ak yon vèsè biblik nan apokalips (20:8) : « … l ap sòti pou al sedui nasyon yo nan kat kwen tè a, GOG MAGOG, l ap rasanble yo pou y al fè lagè; yo anpil, tankou sab nan lanmè ». Gen yon entènot ki di li sèten, se pa GOG MAGOG yo t ap ekri nan bib la, men se pito MAGAGA.
N ap raple, Donald Trump anonse kandidati li aprè Kari Lake, patizan li, fin pèdi eleksyon 8 novanm yo epi rate chans pou li vin gouvènè Eta Arizona. Kanditati sa vini tou nan yon kontèks kote Ron DeSantis, yon repibliken, eli kòm gouvènè Eta Floride pandan patizan li fè konnen li pral nan eleksyon primè anfas repibliken parèy li Donald Trump, nan lide pou li ta al reprezante pati li a nan eleksyon prezidansyèl 2024 yo.