0 2 minutes 2 semaines

Se dyalòg ak respè angajman premye minis Ariel Henry itilize nan jounen 9 me 2023 a, nan otèl Montana pou li salye fèt linyon ewopeyen nan. 1950 – 2023 fè inyon ewopeyen an 73 lane depi li egziste. Dat 9 me a se dat deklarasyon Robert Schuman nan, ki vini kòm pwen depa òganizasyon an.

« Ane apre ane, inyon ewopeyen an tounen yon gwo aktè sou sèn entènasyonal la. Li se yon gwo patnè pou Haïti nan bezwen, pou li konble atant nou. Nan gouvènman an ak nan non pèp ayisyen an, mwen vle eksprime apresyasyon nou pou soutyen yo pote pou peyi nou. Haïti dwe pran desten li an men, e nou konte sou patnè nou yo nan linyon Ewopeyen nan pou yo mete men nan gwo pwogram ak pwojè nou defini nan kad politik piblik nou yo », selon Ariel Henry.

Premye minis la swete linyon an konprann demach li a epi kontinye tande gouvènman ayisyen an ak atansyon. Li pale de twoup ak konfli entèn anpil peyi ap konnen, sitou sila ki nan linyon ewopeyen an. An patikilye li pale de lagè Ukraine-Russie a pou li pote solidarite pou ewopeyen yo.

Pou li fini, li pale de sitiyasyon vyolans Haïti ap konnen epi lanse apèl ankò bay tout peyi ki manifeste volonte pou sipòte Haiti pa rapò ak prekarite mwayen ayisyen yo epi mank ekipman polis nasyonal la pou kwape sitiyasyon vyolans lan. Li reveye santiman byenveyans ewopeyen yo pou kontinye mande yo èd, kòm peyi zanmi Haïti.