
Gouvènman kanadyen an pote yon nouvo paspò pou popilasyon an akoz deba ki te genyen nan sosyete sivil la sou ilistrasyon paj enteryè ansyen livrè a. Premye Minis Justin Trudeau prezante nouvo paspò sila 11 me 2023 a.
Se vre pwojè sa te nan tiwa depi an 2019, men se kòmsi gouvènman an te planifye pou li te egzekite li nan moman sa, paske Canada tounen premye peyi nan Commonwealth la ki mansyone sa majeste Wa Charles III nan dokiman vwayaj li.
Nouvo paspò a genyen nan kouvèti li yon imaj fèy erab, yon fèy ki senbolik pou kanadyen yo, apre li gen amwari kanadyen sou li tou.
Sa ki make pwojè sa, se paske moun ki te gen ansyen paspò yo p ap bezwen al pèdi tan nan gwo liy pou yo renouvle paspò yo, yon senp klik sou entènèt la ap pèmèt yo mete foto yo ajou. Men, piske dènye gran emisyon paspò nan Canada te fèt an 2013, epi dire 10 lane, sa vle di gouvènman Justin Trudeau a gentan atann li a yon vag renouvèlman paspò sou sit la.
Paspò sila pral pi solid tou, sou plan sekirite, paske li gen teknoloji wodpòte pou sa : yon paj ransèyman an polikabonat, yon paj ransèyman pèsonèl ki grave ak lazè kidonk, ki pa enprime ak lank, yon fòm ologram sou foto mèt paspò a, yon paj transparan k ap fèt sou mezi pou chak moun e k ap gen yon dezyèm foto mèt paspò a, yon imaj lazè varyab, yon fonksyon pou lank men ki sansib anfas chalè oubyen fredi, tout sa pou anpeche malfektè fè fo paspò kanadyen.