0 1 minute 2 ans

Nan yon ti videyo ki dire anviwon 2 minit nou kapab wè Izo chèf « Village de Dieu » a kap esplike kòman li antann li ak Krisla ak Tilapli pou yo penmèt moun sot Pòtoprens ale nan Sid peyi a epi moun nan Sid antre Pòtoprens libe libè.

Chèf gang Vilaj la fè konnen li pale ak lòt nèg yo pou okenn baz pa tire sou moun kap pase. Li menm deklare  » Si yon baz ta tire sou moun kap pase yo, se pou tranbleman tè a ta pase pou l tou kraze baz sila. »

Pi lwen ranplasan Anèl Joseph la di li pèdi 2 moun nan fanmi l pandan katastwòf sa. Li rete kwè se pa moman pou yo nan tire sou moun yo kap travèse Matisan.