Òganizasyon les Engagés pour le Développement (EDE) sezi wè non li nan lis òganizasyon ki te siyen konsansis Ariel Henry a, se pou sa òganizasyon an pibliye yon nòt 17 janvye 2023 a pou deplore sa ki pase a epi pozisyone li pa rapò ak sa.
Responsab òganizasyon politik EDE a pa sonje yo te siyen okenn dokiman nan kad konsansis Nasyonal pou yon Tranzisyon Enklizif ak pou Eleksyon Transparan. N ap raple konsansis sa te siyen 21 desanm 2022 epi pibliye nan jounal ofisyèl Le Moniteur 3 janvye 2023.
EDE raple piblik la se sèl sekretè jeneral pati a ki ta gendwa reprezante pati a nan yon ka konsa selon atik 38 nan chat fondamantal pati a, poutan sekretè jeneral pati a pa t ni patisipe nan rankont la, ni siyen dokiman an. Anplis, pa t gen okenn manm pati a ki te mandate pou siyen nan non pati a.
EDE akize gouvènman an kòm iresponsab paske li pibliye dokiman an ak non yon pati ki pa t siyen vre. Pou EDE, dokiman sa pa gen okenn valè jiridik epi pa angaje pati a.
Prensipal revandikasyon pati a se pou gouvènman an rektifye piblikasyon li te fè nan jounal ofisyèl ayisyen an san okenn delè.
Nan fen nòt la, EDE swete tout fòs viv nasyon an chita pou diskite ak senserite yon fason pou fasilite rekonsilyasyon epi abouti a yon akò reyèl k ap wete peyi a nan kriz li ye a.
Jimson François, responsab komite dirèktè depatman yo, Feland Jean, responsab nasyonal zafè politik yo, Marc Hugo Renaudin, responsab nasyonal kominikasyon, Claude Joseph, prezidan konsèy estratejik, epi Oméga Chéry, sekretè jeneral, se prensipal responsab nan pati EDE, ki siyen nòt twa (3) paj sila.