Informer sans vous désorienter !
Onze mois après la naissance de sa fille, la judoka française Clarisse Agbégnénou a remporté la médaille d’or de la catégorie des moins de 63 kg, le mercredi 10 mai 2023. Moins d’un an après avoir donné naissance à son premier enfant et avec une […]
INTERNATIONAL SPORTAlicia Keys revisite son tube « If I Ain’t Got You » 20 ans plus tard pour Netflix, avec un orchestre exclusivement composé de femmes noires et métisses. Cette version orchestrale fait partie de la bande originale du spin-off de Bridgerton, « La Reine Charlotte », disponible sur Netflix […]
INTERNATIONALGouvènman kanadyen an pote yon nouvo paspò pou popilasyon an akoz deba ki te genyen nan sosyete sivil la sou ilistrasyon paj enteryè ansyen livrè a. Premye Minis Justin Trudeau prezante nouvo paspò sila 11 me 2023 a. Se vre pwojè sa te nan tiwa […]
AN KREYÒLSe dyalòg ak respè angajman premye minis Ariel Henry itilize nan jounen 9 me 2023 a, nan otèl Montana pou li salye fèt linyon ewopeyen nan. 1950 – 2023 fè inyon ewopeyen an 73 lane depi li egziste. Dat 9 me a se dat deklarasyon […]
AN KREYÒLSe dyalòg ak respè angajman premye minis Ariel Henry itilize nan jounen 9 me 2023 a, nan otèl Montana pou li salye fèt linyon ewopeyen nan. 1950 – 2023 fè inyon ewopeyen an 73 lane depi li egziste. Dat 9 me a se dat deklarasyon Robert Schuman nan, ki vini kòm pwen depa òganizasyon an.
« Ane apre ane, inyon ewopeyen an tounen yon gwo aktè sou sèn entènasyonal la. Li se yon gwo patnè pou Haïti nan bezwen, pou li konble atant nou. Nan gouvènman an ak nan non pèp ayisyen an, mwen vle eksprime apresyasyon nou pou soutyen yo pote pou peyi nou. Haïti dwe pran desten li an men, e nou konte sou patnè nou yo nan linyon Ewopeyen nan pou yo mete men nan gwo pwogram ak pwojè nou defini nan kad politik piblik nou yo », selon Ariel Henry.
Premye minis la swete linyon an konprann demach li a epi kontinye tande gouvènman ayisyen an ak atansyon. Li pale de twoup ak konfli entèn anpil peyi ap konnen, sitou sila ki nan linyon ewopeyen an. An patikilye li pale de lagè Ukraine-Russie a pou li pote solidarite pou ewopeyen yo.
Pou li fini, li pale de sitiyasyon vyolans Haïti ap konnen epi lanse apèl ankò bay tout peyi ki manifeste volonte pou sipòte Haiti pa rapò ak prekarite mwayen ayisyen yo epi mank ekipman polis nasyonal la pou kwape sitiyasyon vyolans lan. Li reveye santiman byenveyans ewopeyen yo pou kontinye mande yo èd, kòm peyi zanmi Haïti.
Yè, Canada ekspilse Zhao Wei, yon diplomat chinwa ki t ap bwase bil depite kanadyen Michael Chong epi jodi 9 me 2023 a, Chine bay repons : li ekspilse Jennifer Lynn Lalonde deyò, yon diplomat kanadyen. Nan moman minis zafè etranje kanadyen an, Mélanie Joly […]
AN KREYÒLYè, Canada ekspilse Zhao Wei, yon diplomat chinwa ki t ap bwase bil depite kanadyen Michael Chong epi jodi 9 me 2023 a, Chine bay repons : li ekspilse Jennifer Lynn Lalonde deyò, yon diplomat kanadyen.
Nan moman minis zafè etranje kanadyen an, Mélanie Joly t ap mete diplomat chinwa a deyò li, lò raple « Nou [Canada] pa tolere enjerans etranje nan zafè nou », epi li deklare diplomat chinwa a Persona non grata. Kanta medya Globe and Mail, se ta depi an jiyè 2021 Canada t ap veye diplomat la k ap bay depite a ak fanmi li presyon.
Depite Michael Chong montre soutyen pou Ouïghours yo, yon minorite chinwa ki pale lang peyi Turquie, ki gen rasin yo nan peyi sila epi ki pratike, pou majorite, relijyon mizilman. Se tout sa yo ki fè gouvènman chinwa a neglije yo, sitou sou kesyon dwa moun. Se nan sans sa diplomat la t ap bay depite a ak fanmi li ki an Chine, gwo presyon.
Imedyatman apre Chine fin di se kalomni ki nouri ekspilsyon diplomat chinwa a, gouvènman chinwa a tou kont-atake : « Chine pa janm foure bouch nan zafè lòt peyi », selon Wang Wenbin, youn nan reprezantan gouvènman chinwa yo ki te tou anonse konsekans lan : Jennifer Lynn Lalonde, diplomat kanadyen ki akredite an Chine gen sèlman kat (4) jou pou li kite Chine, paske li menm tou, chinwa yo deklare li persona non grata. Se yon gè diplomatik ki la kèk tan, men ki pran plis fòs dènye tan sa yo, paske Chinwa yo kwè Canada rantre anba vant États-Unis twòp sou plan politik, kidonk yo vle mete kranpon pou gouvènman Justin Trudeau a tou.
Pòt-pawòl ministè zafè ewopeyen ak etranje an France lan, Anne-Claire Legendre, soutni pèp ayisyen an nan deklarasyon li a, li apiye rejim sanksyon kont politisyen ak biznismann yo epi prezante ogmantasyon èd imanitè fransè a an Haïti pou 2023. Se 8 me 2023 sa medya […]
AN KREYÒLPòt-pawòl ministè zafè ewopeyen ak etranje an France lan, Anne-Claire Legendre, soutni pèp ayisyen an nan deklarasyon li a, li apiye rejim sanksyon kont politisyen ak biznismann yo epi prezante ogmantasyon èd imanitè fransè a an Haïti pou 2023. Se 8 me 2023 sa medya Haïti Libre pibliye enfòmasyon sila.
« Haïti se yon preyokipasyon priyoritè pou France, an Haïti n ap fè fas ak yo gwo kriz politik ak sekiritè, sa ki gen grav konsekans sou popilasyon an, sa ki, an menm tan, anpeche èd imanitè yo fè chimen yo gen pou yo fè, malgre kontèks ekonomik ak sosyal la ap degrade chak jou pi plis », daprè Anne-Claire Legendre.
Pòt-pawòl la pwofite pale pou rès kominote entènasyonal la, li raple jan kategori sila kanpe doubout pou sipote Haïti sou plan sekiritè, politik e menm imanitè. Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun ayisyen an di tout kapital ayisyen an sou kontwòl gwoup kriminèl ki gen zam, selon sa Anne-Claire rapòte. Li rale rezolisyon 2653 konsèy sekirite Nasyonzini an pou pote soutyen bay seri sanksyon kèk peyi tankou Canada ak États-Unis, e menm Répiblique Dominicaine, pran kont politisyen ak biznisman ayisyen ki akize nan sipòte gwoup kriminèl.
Anne-Claire di li konnen gen dyalòg politik ki tanmen, paske li jwenn rapò sou akò 21 desanm 2022, se pou sa li pwofite menm okazyon an pou mande pou yon konsèy elektoral pwovivwa mete sou pye epi pou eleksyon òganize rapidopresto. An menm tan, li pale de ogmantasyon èd imanitè fransè a pou Haïti a an 2023 : 9 milyon ewo. Nan lajan sa, gen 5,5 milyon ki ale pou koze manje, malgre koulwa imanitè yo vin pi ra pa rapò ak pwoblèm sekirite a.
Pati ekstrèm dwat konsèvatè chilyen an ranpòte majorite plas yo nan eleksyon ki te fèt 7 me 2023 a pou chwazi 50 moun ki pou fè pati konsèy konstitisyonèl la. Selon rezilta ofisyèl yo, se 35% nan plas yo pati ekstrèm dwat la ranpòte apre […]
AN KREYÒL INTERNATIONALPati ekstrèm dwat konsèvatè chilyen an ranpòte majorite plas yo nan eleksyon ki te fèt 7 me 2023 a pou chwazi 50 moun ki pou fè pati konsèy konstitisyonèl la. Selon rezilta ofisyèl yo, se 35% nan plas yo pati ekstrèm dwat la ranpòte apre pwojè refòm nan te avòte an 2022.
Biwo vòt chilyen yo te resevwa plis pase 15,1 milyon moun, se elektora sa ki te chwazi 50 moun pami 350 ki te nan lis kandida yo. Wòl prensipal konsèy konstitisyonèl la se chita pwopoze konstitisyon an yon fason pou li ka pase nan vòt nan dat 17 desanm 2023.
Pati ekstrèm dwat la ranpòte 22 syèj sou 50 lan, pandan pati i sou pouvwa a genyen 11 syèj epi lòt pati dwat la, ki se dwat tradisyonèl la, genyen 17 syèj. Pati ekstrèm dwat la rele pati repibliken tou, e se yon pati ki gen yon diskou kont avòtman ak kont imigre. Claudia Heiss, : « [pati repibliken an] p ap gen pou li negosye ak pèsonn, paske l ap ka ekri konstitisyon li vle. Anplis, l ap ka opoze dwa veto li pou anpeche tout amandman », selon Claudia Heiss, nan fakilte syans politik nan inivèsite Chili a.
Ane pase, an septanm, pèp chilyen an pa t vote an favè refòm konstitisyon an, se pou sa li te tonbe a 61.9% vòt kont. Nan tantativ sa, chilyen yo vote 50 konpatriyòt ki gen pou devwa travay sou yon tèks konstitisyonèl pou voye li nan referandòm an desanm 2023. Konstitisyon aktyèl la gen tras diktatè chilyen Augusto Pinochet ladan li malgre amandman ak refòm li konnen, se pou sa se chanje konsèy konstitisyonèl la pral chanje li pou pèmèt plis refòm sosyal nan Chili, paske koze konstitisyon sa te fè gwo manifestasyon blayi nan Chili an 2019.
De (2) peyi sa yo bay zanmitay yo plis jarèt aprè eleksyon Santiago nan tèt peyi Paraguay. Pandan renouvèlman relasyon sa, Paraguay pa t neglije mete nouvo kondisyon sou tab la, daprè enfòmasyon ki pibliye 6 me 2023 nan medya Radio France Inter. Se nan […]
AN KREYÒL INTERNATIONALDe (2) peyi sa yo bay zanmitay yo plis jarèt aprè eleksyon Santiago nan tèt peyi Paraguay. Pandan renouvèlman relasyon sa, Paraguay pa t neglije mete nouvo kondisyon sou tab la, daprè enfòmasyon ki pibliye 6 me 2023 nan medya Radio France Inter.
Se nan telefòn Tsai Ing-Wen, prezidan Taiwan, te pale ak Santiago Peña, prezidan Paraguay. Madanm nan felisite jèn gason an pou nouvo pòs la epi pwofite di li mèsi paske li pa t mete dlo nan bouch li pou di l ap kenbe relasyon peyi li ak Taïwan pandan li t ap fè kanpay.
Santiago Peña te gen yon pozisyon kontrè pa rapò ak advèsè li, Eifrain Alegre, ki nan pati opozisyon an e ki te kandida pou prezidans peyi Paraguay tou. Alegre te klè nan kanpay pa si a : si li prezidan, l ap revize relasyon Paraguay-Taïwan.
Eleksyon Paraguay yo te enterese Taiwan anpil, paske peyi sila sou youn pami 13 peyi ki rekonèt Taiwan kòm yon peyi lib, malgre Chine di Taiwan se yon pwovens chinwa. Relasyon sila koute, paske Santiago Peña mande pou taywanè yo fè plis envestisman nan peyi Paraguay.
Durant la semaine allant 30 avril au 6 mai 2023, la Police Nationale d’Haïti (PNH) a effectué plusieurs opérations soldant sur l’arrestation et la mort de certains bandits armés. La rédaction vous en dit plus. Les bandits ne cessent de semer la pagaille dans les […]
ACTUALITÉSDurant la semaine allant 30 avril au 6 mai 2023, la Police Nationale d’Haïti (PNH) a effectué plusieurs opérations soldant sur l’arrestation et la mort de certains bandits armés. La rédaction vous en dit plus.
Les bandits ne cessent de semer la pagaille dans les quartiers de Port-au-Prince et certaines villes de province. De son côté, la PNH ne ménage pas ses efforts pour traquer les bandits armés.
En ce sens, le mardi 2 mai 2023, Brutus Gallardo, membre important des gangs de Village de Dieu et de Grand Ravine, dirigés respectivement par Izo et Ti Lapli, a été interpellé chez lui, à l’Avenue N prolongée, Barrière à Jour #13, Pacot. Né le 12 août 2000, Gallardo est spécialisé dans la réalisation de tatouages sur la peau des hommes et des femmes de ces troupes armés.
Le même jour, le nommé Christian St-Fleur a été interpellé à Port-au-Prince, à la Rue Chavannes. Il est membre du gang « Chèf pa gen tò » et allié d’autres gangs opérant dans la capitale, dont « Je continue ma route ». Membre également d’association de malfaiteurs et présumé auteur d’actes de banditisme, Christian St-Fleur est placé en garde à vue en attendant les suites judiciaires nécessaires.
Le jeudi 4 mai, Catheline Barochin et Saint Paul Daphkar, deux employées de la SOGEBANK, respectivement Directrice des opérations et Superviseure de caisse, ont été interpellées par le Bureau des Affaires Financières et Économiques pour présumé et complicité de vol, association de malfaiteurs et détournement de fonds. Elles ont été appréhendées dans le cadre d’une enquête menée par la DCPJ, à la suite de diverses plaintes déposées à leur encontre par des clients de ladite banque. Le fond détourné est estimé à cent trente deux milles dollars américains (132.000.00 US).
Vendredi, le détachement du BLTS/DCPJ basé à l’aéroport a procédé, à l’interpellation de cinq (05) ressortissants dominicains à l’Aéroport international Toussaint Louverture, alors qu’ils se rendaient aux Bahamas. Ces derniers, qui étaient activement recherchés par les autorités dominicaines pour trafic de stupéfiants, faux et usage de faux sont identifiés au nom de : Eustate Santos Rafael, Velez Taveras Lincoln Americo, Rivera Burgos Jorge Luis, Caseres Vasquez David et Flores Carrasco Claudio Ernesto.
Toujours est-il que la PNH renforce son effectif au niveau du Bicentenaire dans le but d’encercler les hommes de IZO, chef de gang de Village de Dieu.
Wa Charles III ak madanm li, rèn konsò Camilla kouwone jodi 6 me 2023 a, ywit (8) mwa aprè lanmò manman wa a, Élisabeth II. Seremoni an dewoule nan Westminster, nan kapital Londres, anndan palè Buckingham nan. Apre kouwònman sa, Charles III pran tèt 14 […]
AN KREYÒL INTERNATIONALWa Charles III ak madanm li, rèn konsò Camilla kouwone jodi 6 me 2023 a, ywit (8) mwa aprè lanmò manman wa a, Élisabeth II. Seremoni an dewoule nan Westminster, nan kapital Londres, anndan palè Buckingham nan. Apre kouwònman sa, Charles III pran tèt 14 peyi ki nan Commonwealth la.
Kontèks ekonomik Royaume-Uni an kòz seremoni kouwònman an pi sonm pase dènye seremoni ki te fèt an 1953 a, sa gen 70 lane. Anviwon 2200 envite ofisyèl te pran plas nan seremoni sa, ki, selon kèk medya, koute anviwon 114 milyon ewo.
Pami kèk fè nou ka rapòte sou kouwónman sa, se prens Harry, dènye pitit wa a, ki soti États-Unis pou li al swiv kouwònman an, ak prens Andrew, ki se ti frè wa a, ki gen yon dosye eskandal seksyèl sou do li : de (2) mesye sa yo pa t kapab jwe okenn wòl ofisyèl nan seremoni an.
Gen plizyè militan ki pa dakò ak sistèm monachik Royaume-Uni an, ki pa t neglije manifeste mekontantman yo devan Westminster a, men yo te rive jwenn arestasyon yo touswit epi majorite pankat pwotestasyon yo te rive sezi. Sou pankat sa yo, te gen plizyè fraz anti-monachik tankou : « se pa wa mwen », « Se pou Bondye sove wa a ; Pelé ». N ap note seremoni sila dewoule anba gwo mezi sekiritè.
A kote tout sa yo, wa a genyen yon baton espesyal (spectre du Roi) ki gen yon dyaman ladan li. Nan peryòd kouwònman sa, Peyi Afrique du Sud kanpe pou reklame dyaman sa Royaume-Uni ta « vòlò » sou kontinan afriken an. Boul dyaman sa gen kalifikatif kòm pi gwo dyaman nan mond lan, li peze 530 kara, yo te jwenn li an Afrique du Sud, pandan peyi sila te anba dominasyon britanik, men sid afriken yo toujou konsidere dyaman sa ki te al jwenn Royaume-Uni kòm kado, tankou yon objè yo te vòlè.
Trois ans après l’irruption de la pandémie en Chine qui s’est répandue à travers le monde, l’Organisation Mondiale de la Santé (OMS) a décidé ce vendredi 5 mai 2023 d’en finir avec le niveau d’alerte maximal à propos de la Covid-19, tout en soulignant que […]
INTERNATIONALTrois ans après l’irruption de la pandémie en Chine qui s’est répandue à travers le monde, l’Organisation Mondiale de la Santé (OMS) a décidé ce vendredi 5 mai 2023 d’en finir avec le niveau d’alerte maximal à propos de la Covid-19, tout en soulignant que le virus est encore dans nos murs.
Le virus n’a pas tout à fait disparu mais la fin de la pandémie n’a jamais été aussi proche. L’OMS a décidé que “la Covid-19 n’est plus une urgence sanitaire mondiale”.
« C’est avec beaucoup d’espoir que je déclare que la COVID-19 n’est plus une urgence sanitaire de portée internationale », a affirmé le directeur général de l’OMS, Tedros Adhanom Ghebreyesus, estimant que la maladie avait fait « au moins 20 millions » de morts, un chiffre presque trois fois supérieur à celui fourni par son organisation, qui ne prend en compte que le nombre des morts déclarés officiellement.
M. Tedros a affirmé que la pandémie est sur une tendance à la baisse depuis plus d’un an, reconnaissant que la plupart des pays étaient déjà revenus à leur vie d’avant. Il a déploré les dommages que la COVID-19 a causés à la communauté mondiale : le virus a détruit des entreprises et plongé des millions de personnes dans la pauvreté, a-t-il rappelé.
L’organisme des Nations unies a mis fin à l’urgence de santé publique internationale lors de sa quinzième réunion sur la Covid-19. Le directeur général de l’institution, Tedros Adhanom Ghebreyesus, a expliqué avoir “accepté le conseil” du comité d’urgence : “Depuis plus d’un an, la tendance de la pandémie est à la baisse”, ce qui a “permis à la plupart des pays de revenir à la vie telle que nous la connaissions avant la pandémie”.
Au moins 7 millions de décès
“Plus de 765 millions de cas de Covid-19 ont été confirmés” depuis le début de l’épidémie, la plupart en Europe et aux Etats-Unis. Sur les 7 millions de décès, “un sur six environ a été enregistré aux États-Unis”. Des milliards de doses de vaccin ont été administrées dans le monde, permettant de faire reculer le nombre de décès dus à la maladie.
L’Organisation mondiale de la santé (OMS) a déclaré vendredi que la COVID-19 n’était plus considérée comme une urgence internationale, marquant la fin symbolique de la pandémie dévastatrice qui a déclenché des confinements autrefois impensables, bouleversé les économies du monde entier et tué au moins 7 millions de personnes dans le monde.
En janvier 2020, l’OMS avait “déclaré l’épidémie de coronavirus comme une urgence de santé publique de portée planétaire”, engageant les pays à “respecter ses recommandations”, avant de la qualifier six semaines plus tard de pandémie. Désormais, cette grande épreuve est derrière nous.
Dirijan Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) anonse pati sila pral pote yon nouvo non. Se nan mitan yon konferans pou laprès dirijan yo anonse nouvèl apre yo fin senpatize ak ayisyen ki viktim ensekirite nan payi a epi fè yon pale sou move enpas politik […]
AN KREYÒL POLITIQUEDirijan Sektè Demokratik ak Popilè (SDP) anonse pati sila pral pote yon nouvo non. Se nan mitan yon konferans pou laprès dirijan yo anonse nouvèl apre yo fin senpatize ak ayisyen ki viktim ensekirite nan payi a epi fè yon pale sou move enpas politik peyi a ap konnen an.
Dirijan SDP yo raple enpòtans jounalis yo nan kad yon retou sou jounen 3 me a ki te konsakre a kategori sila, epi youn pami yo, Fernando Duclair, rantre nan vif sijè a pou pale de chanjman non pati a : se yon sondaj ki te fèt, kote yon gwo majorite moun te dakò pou pati a chanje non, sou yon total 1955 patisipan, selon Duclair. Se yon kongrè pati a pral òganize pou li prezante nouvo non an, e selon responsab politik la, nan konferans 4 me a, se dènye fwa l ap site non SDP pou pale de pati politik li a.
« Se popilasyon an ki ap peye taks pou li jwenn sèvis sekirite, e se menm popilasyon sa k ap bay tèt li sekirite nan lari a » daprè Fernando Duclair. Li ak lòt manm ki t ap pote pawòl yo pa neglije voye pawòl piman bouk pou premye minis ayisyen an, Ariel Henry, yo akize li kòm yon dirijan politik « tèt mato ». Dirijan SDP yo deplore mank volonte dirijan politik ayisyen yo, epi akize yo kòm moun ki lakoz tout pwoblèm sa yo. Fèb kantite polisye ki sou fwontyè tèrès ak maritim nou yo, se youn nan agiman SDP prezante pou montre jan zam ak bal kapab rantre fasilman an Haïti pou koze latwoublay ak ensekirite.
SPD pako prezante nouvo non li a, men li bay randevou nan mwa jiyè pou li fè sa. Se nan mwa sa tout pati a ap prezante plan li genyen pou peyi a. Fernando Duclair, Didier Benel ak Telong Rémulus se twa (3) manm pati sa ki te pran pawòl nan konferans pou laprès sa, e ki prezante rekil sa pati a pran pa rapò ak ansyen non li a kòm yon pwen enpòtan pou ede pati a rekòmanse sou yon pi bon baz.
Pati liberal kanadyen an òganize twa (3) jou deba sou oryantasyon Pati a. Aktivite sila kòmanse 4 me 2023, alòske pati sa sou pouvwa kanadyen an depi plis pase sèt (7) lane epi dwe asire yo pou yo kontinye chame elektè yo pandan advèsè politik […]
AN KREYÒLPati liberal kanadyen an òganize twa (3) jou deba sou oryantasyon Pati a. Aktivite sila kòmanse 4 me 2023, alòske pati sa sou pouvwa kanadyen an depi plis pase sèt (7) lane epi dwe asire yo pou yo kontinye chame elektè yo pandan advèsè politik ki nan pati konsèvatè yo vle vire done yo.
Manm pati a ap chita ansanm sou apeprè trant (30) pwopozisyon ki ta ka antre nan pwochen pwogram politik pati liberal la pandan eleksyon yo, se sou pwen sa yo yo pral fè deba pandan y ap òganize konferans ak tab wonn epi transfòme pwopozisyon yo an rezolisyon. « Konvèsasyon nou pral fè isit la pou wikenn sa a esansyèl non sèlman pou avni pati liberal la, men tou pou avni peyi a » selon Justin Trudeau, Premye Minis kanadyen ak Lidè pati Liberal la, ki t ap prezante youn nan premye konferans yo.
Pou make prezans li nan aktivite sila, Jistin Trudeau ekri sou kont Twitter li : « Mwen fenk enskri la, epi mwen pare ! mwen vle wè ansyen zanmi m yo epi fè konesans ak nouvo zanmi ». Li te rive nan konvansyon an avan dezè nan aprè-midi, epi touswit li te al bay sipòtè yo lanmen. Apre li fè yon kout pye bò tab komisyon pèp endijèn yo kote li te mete aksan sou enpòtans rekonsilyasyon pou pati leberal la an patikilye.
Lidè liberal la ap soufle 10 bouji nan tèt pati li a, li sanble detèmine anpil pou fwete motivasyon manm pati liberal kanadyen an e li te deja prepare li pou prezante yon diskou nan aswè devan tout aktivis yo. Se yon bèl okazyon pou lidè a rafrechi lespri elektè liberal yo epi fè nouvo disip pou prepare eleksyon ki pral rive yo.