0 1 minute 2 ans

Direksyon Pwoteksyon sivil ak Inite idrometeyowolojik deside mete Peyi Dayiti sou alèt jòn.

Yo pran desizyon sa poutèt sizyèm depresyon tropikal la ap pran fòs nan zòn granzantiy yo. Li kapab pran fòs epi vin tounen on tanpèt tropikal jodia. Li kapab fè gwo dega nan zòn Nò, nan Pòtoprens, nan zòn Sid ak Sidès.

Pwoteksyon sivil envite tout moun pran prekosyon, koute radyo. Ekip Haïti Flash Info a mobilize pou enfòmèw sou tout aktyalite move tan kap vini.