
De (2) peyi sa yo bay zanmitay yo plis jarèt aprè eleksyon Santiago nan tèt peyi Paraguay. Pandan renouvèlman relasyon sa, Paraguay pa t neglije mete nouvo kondisyon sou tab la, daprè enfòmasyon ki pibliye 6 me 2023 nan medya Radio France Inter.
Se nan telefòn Tsai Ing-Wen, prezidan Taiwan, te pale ak Santiago Peña, prezidan Paraguay. Madanm nan felisite jèn gason an pou nouvo pòs la epi pwofite di li mèsi paske li pa t mete dlo nan bouch li pou di l ap kenbe relasyon peyi li ak Taïwan pandan li t ap fè kanpay.
Santiago Peña te gen yon pozisyon kontrè pa rapò ak advèsè li, Eifrain Alegre, ki nan pati opozisyon an e ki te kandida pou prezidans peyi Paraguay tou. Alegre te klè nan kanpay pa si a : si li prezidan, l ap revize relasyon Paraguay-Taïwan.
Eleksyon Paraguay yo te enterese Taiwan anpil, paske peyi sila sou youn pami 13 peyi ki rekonèt Taiwan kòm yon peyi lib, malgre Chine di Taiwan se yon pwovens chinwa. Relasyon sila koute, paske Santiago Peña mande pou taywanè yo fè plis envestisman nan peyi Paraguay.