0 2 minutes 3 semaines

Yè, Canada ekspilse Zhao Wei, yon diplomat chinwa ki t ap bwase bil depite kanadyen Michael Chong epi jodi 9 me 2023 a, Chine bay repons : li ekspilse Jennifer Lynn Lalonde deyò, yon diplomat kanadyen.

Nan moman minis zafè etranje kanadyen an, Mélanie Joly t ap mete diplomat chinwa a deyò li, lò raple « Nou [Canada] pa tolere enjerans etranje nan zafè nou », epi li deklare diplomat chinwa a Persona non grata. Kanta medya Globe and Mail, se ta depi an jiyè 2021 Canada t ap veye diplomat la k ap bay depite a ak fanmi li presyon.

Depite Michael Chong montre soutyen pou Ouïghours yo, yon minorite chinwa ki pale lang peyi Turquie, ki gen rasin yo nan peyi sila epi ki pratike, pou majorite, relijyon mizilman. Se tout sa yo ki fè gouvènman chinwa a neglije yo, sitou sou kesyon dwa moun. Se nan sans sa diplomat la t ap bay depite a ak fanmi li ki an Chine, gwo presyon.

Imedyatman apre Chine fin di se kalomni ki nouri ekspilsyon diplomat chinwa a, gouvènman chinwa a tou kont-atake : « Chine pa janm foure bouch nan zafè lòt peyi », selon Wang Wenbin, youn nan reprezantan gouvènman chinwa yo ki te tou anonse konsekans lan : Jennifer Lynn Lalonde, diplomat kanadyen ki akredite an Chine gen sèlman kat (4) jou pou li kite Chine, paske li menm tou, chinwa yo deklare li persona non grata. Se yon gè diplomatik ki la kèk tan, men ki pran plis fòs dènye tan sa yo, paske Chinwa yo kwè Canada rantre anba vant États-Unis twòp sou plan politik, kidonk yo vle mete kranpon pou gouvènman Justin Trudeau a tou.