
Wa Charles III ak madanm li, rèn konsò Camilla kouwone jodi 6 me 2023 a, ywit (8) mwa aprè lanmò manman wa a, Élisabeth II. Seremoni an dewoule nan Westminster, nan kapital Londres, anndan palè Buckingham nan. Apre kouwònman sa, Charles III pran tèt 14 peyi ki nan Commonwealth la.
Kontèks ekonomik Royaume-Uni an kòz seremoni kouwònman an pi sonm pase dènye seremoni ki te fèt an 1953 a, sa gen 70 lane. Anviwon 2200 envite ofisyèl te pran plas nan seremoni sa, ki, selon kèk medya, koute anviwon 114 milyon ewo.
Pami kèk fè nou ka rapòte sou kouwónman sa, se prens Harry, dènye pitit wa a, ki soti États-Unis pou li al swiv kouwònman an, ak prens Andrew, ki se ti frè wa a, ki gen yon dosye eskandal seksyèl sou do li : de (2) mesye sa yo pa t kapab jwe okenn wòl ofisyèl nan seremoni an.
Gen plizyè militan ki pa dakò ak sistèm monachik Royaume-Uni an, ki pa t neglije manifeste mekontantman yo devan Westminster a, men yo te rive jwenn arestasyon yo touswit epi majorite pankat pwotestasyon yo te rive sezi. Sou pankat sa yo, te gen plizyè fraz anti-monachik tankou : « se pa wa mwen », « Se pou Bondye sove wa a ; Pelé ». N ap note seremoni sila dewoule anba gwo mezi sekiritè.
A kote tout sa yo, wa a genyen yon baton espesyal (spectre du Roi) ki gen yon dyaman ladan li. Nan peryòd kouwònman sa, Peyi Afrique du Sud kanpe pou reklame dyaman sa Royaume-Uni ta « vòlò » sou kontinan afriken an. Boul dyaman sa gen kalifikatif kòm pi gwo dyaman nan mond lan, li peze 530 kara, yo te jwenn li an Afrique du Sud, pandan peyi sila te anba dominasyon britanik, men sid afriken yo toujou konsidere dyaman sa ki te al jwenn Royaume-Uni kòm kado, tankou yon objè yo te vòlè.