0 3 minutes 2 semaines

Avèk 49% sou 95% vòt ki depouye yo, epi yon majorite nan palman yon sèl chanm nan, Recep Tayyip Erdogan pako wè tèt li kòm pèdan, paske advèsè prensipal li a fè 44,7% selon ajans enfòmasyon Leta yo. Si premye tou a te fèt 14 me 2023, dezyèm nan pral dewoule 28 me nan menm ane a. Balon an pase nan pye twazyèm kandida a, Sinan Oğan, malgre li p ap nan dezyèm tou a.

Sinan Oğan anonse, dimanch, pwochen 15 jou yo pral difisil anpil, pandan li te refize di kiyès pami kandida yo l ap soutni yon fason pou li ta ankouraje patizan li yo vote pou kandida li swete soutni an. Sa ki kòz mesye Sinan Oğan pako alèz pou li anonse soutyen li pou youn nan kandida yo, se paske li te konn kritike toude (2) pandan moman kanpay li a.

Men, vle pa vle, se mesye Sinan ki gen balon an nan pye li, ki ka fè pas gòl la bay youn nan kandida yo. Erdogan rete konfyan malgre tou, menm jan ak advèsè li a Kemal, poutan Kemal gen yon chay anplis ki monte sou do li pou kout peryòd kanpay avan dezyèm tou a : li dwe an mezi pou li montre l ap ka dirije peyi a kòrèkteman, menm si majorite palmantè ki eli nan inik chanm nan se manm pati ki sou pou pouvwa a.

N ap raple, pou kandida Kemal Kiliçdaroglu rive nan nivo sa, se gwo alyans ki fèt nan pozisyon an, ant sis (6) pati politik nasyonalis, layik e menm islamik, sa ki souzantann ka gen divizyon apre si Kemal ta prezidan, men tou, kòt popilarite Erdogan bese, paske li pèdi 4% nan vòt li te resevwa nan dènye eleksyon yo, tout sa akòz kèk pwoblèm politik e menm akòz move jesyon tranbleman tè ki te pase nan peyi Turquie, e ki te lakòz plis pase 50 000 moun pèdi lavi yo.